Facebook
Twitter
Youtube
Flickr

Notícias

Konsiy pou imigran Ayisyen nan kad prevansyon COVID-19 la

Orientações sobre a COVID-19 para haitianos
Data de inclusão: 22/06/2020 16:52

- Se yon obligasyon pou nouitilize mask,kouvri bouch nou ak nen nou, depi nap sòti lakay nou toujou itilize mask

- Toujou chanje mask, depi l deja imid.

- Se nan elastik yo pouw kapab kenbe mask la, lè wap metel ak lè wap retirel.

- Byen vlope nan papye ijyenik, mask ke nou fin itilize epi jete yo nan poubèl.

- Lè se ak twal ke mask yo fèt, nou dwe toujou lave yo pi souvan ke posib.

- Rete nan izolman soyal, sa vle di lakay nou, tout tan ke sa posib.

- Gade distans sosyal ant moun ke ou pa frote ak yo chak jou.

- Lave men nou souvan ak dlo ak savon oubyen itilize akol a 70%

- Evite rete nan andwa fèmen ki genyen anpil moun kap sikile, tankou fèt fanmy ak sèvis legliz.

- Evite rete anpil kote ki fèmen tankou: (Famasi, bank, makèt, elatriye) fè sa sèlman lè li nesesè e nan mwens tan ke posib.

- Siw bezwen sòti lakay ou, lèw retounen toujou itilize règ ijyèn yo pa ekzanp: lave men nou, chanje rad nou e benyen depi sa posib.

- Evite mayen tout espas lèw nan lari, e siw te rive fè sa, dezenfekete menw ak dlo e savon oubyen alkòl a 70%.

- Pa pataje objè pèsonèl, tankou: twal, asyèt, kiyè, Kep, bwòs dan elatriye.

- Lè wap touse oubyen respire kouvri nenw ak bouch ou ak koud bwaw, siw te deja gen mask pa retirel pouw touse, ni pouw respire.

- Itilize mouchwapapye, papye twal oubyen paye ijyenik, pouw kapab mouche nenw, sonje pou nou toujou dezenfekte men nou avan nou manyen yo.

SA ENPOTAN ANPIL: Sizoka ou ta gen fyèv, tous, bouch pa dou oubyen ou gen difikilte pouw respire kouri ale nan sant sante ki pi pre ou a.

Nan inite nap rive konbat COVID-19 la. 

Imagens relacionadas

Konsiy pou imigran Ayisyen nan kad prevansyon COVID-19 la
Facebook
Twitter
Youtube
Flickr
Todos os direitos reservados © 2025- Município de Itajaí